Palman popilè pou sove Ayiti
Pou yon veritab apwòch demokratik e popilè

DOKIMAN PREZANTASYON
psayiti2024@gmail
Entwodiksyon
Depi Jiyè 2018, peyi nou Ayiti plonje nan yon katchouboumbe politik ki pa sispann lakoz anpil anpil
soufrans ak dezolasyon nan mitan popilasyon an.
Metòd diferan aktè politik e ekonomik yo ki chita sou itilizasyon vyolans kòm zouti batay pou
pouvwa politik la, se youn nan premye sous pwoblèm peyi a jounen jodia.
Jèn nan katye popilè yo ki souvan itilize nan batay politik sa yo rive tranfòme tèt yo an chèf gang
epi tanmen simen latwoublay toupatou. Yo touye,kidnape, vyole tifi ak fanm, vòlè ak boule tout
sa yo jwenn toujou ak konplisite aktè politik e ekonomik malonèt yo. Yon sitiyasyon ki pa sispann
plonje majorite popilasyon an nan chomaj ak lamizè.
Depi zak sasinay prezidan Repiblik la nan dat 6-7 jiyè 2021 an, se menm aktè politik/ekonomik sa
yo k ap fè tout kalte piwèt, nan ekri akò/dezakò pou fè dappiyanp sou ti rès gouvènman PHTK a te
kite pou pèp la. Epi se menm aktè sa yo ki anpil nan yo gen non yo site kòm moun k ap alimante
zak kriminèl chèf gang yo sou tout teritwa nasyonal la.
N ap raple se depi nan lane 2016 eleksyon te òganize nan peyi a. Sa ki vle di se depi dat sa pèp
ayisyen an te jwenn posiblite pou l chwazi an tout libète moun ki pou reprezante l e ki pou deside
nan non l jan sa prevwa nan konstitisyon 1987 la.
Lè n konsidere depi 2016 okenn aktè/pati ak gwoup politik ki nan diferan akò/dezakò yo fè tout
sa yo kapab pou anpeche eleksyon lib e demokratik òganize nan peyi a ;
Lè n konsidere depi lanmò prezidan Jovenel Moise la pèsòn moun pa gen legalite ak lejitimite pou
deside nan non pèp ayisyen an. Sa ki plonje peyi a nan yon vid enstitisyonèl san non ;
Lè n konsidere tout akò yo rele « akò politik » yo se yon seri mannèv pou menm aktè sa yo, ki pat
janm vle eleksyon, mete an plas ak fòs vyolans pou kidnape Leta e detounen byen piblik yo nan
enterè ti klan yo. Deriv ekip Aryèl « an fanmi e alye » fè nan tèt peyi a, sòti jiyè 2021 pou rive jodia,
se prèv ki montre tout akò/dezakò ki pa sòti nan yon laj patisipasyon sitwayen se ranfòse estrateji
menm ti gwoup aktè politik/ekonomik ki la yo pou kontinye pase anba pye enstitisyon repiblikèn
peyi a, detounen byen piblik yo, anrichi nan koripsyon ak zak ilegal epi plonje popilasyon an pi plis
nan bafon lamizè.
Lè n konsidere akò politik sa yo pa gen okenn baz transparans paske pa gen okenn nan yo ki te
soumèt ak yon sanksyon popilè epi pa reflete okenn bezwen popilasyon an.
Lè n konsidere depi 29 fevriye 2024, peyi a ap fè fas ak yon seri atanta teworis ki menase ekzistans
nou kòm nasyon.
Lè n konsidere gwoup aktè politik/ekonomik ki la yo anplis lejitimite ak kredibilite yo pa genyen,
yo pa manisfeste okenn volonte reyèl pou reponn ak ijans moman an. Sa ki lakoz peyi a gen plis
pase yon mwa san dirijan.
Nan kontèks sa Palman Popilè pou Sove Ayiti (PSA), se yon inisyativ yon gwoup òganizasyon
sosyete sivil la, kèk pati politik ki pa siyatè okenn akò/dezakò ak kèk sitwayen angaje, lanse pou
ankouraje epi fasilite patisipasyon chak grenn manm nan popilasyon an kèlkeswa laj li, sèks li,
relijyon l, estati sosyal e pwofesyonèl li nan lavi politik peyi a sitou nan sa ki gen pou wè ak
gouvenans tranzisyon an.
Baz legal PSA a
Konstitisyon 1987 la, nan atik 31 an rekonèt libète asosyasyon e reyinyon san zam pou tout koze
ki gen rapò ak lavi politik, ekonomik, sosyal e kiltirèl nan peyi a. Atik 52.1 fè konnen devwa sivik la
se yon ansanm obligasyon moral, politik, sosyal e ekonomik tout sitwayen genyen anvè peyi a.

Objektif
Palman popilè pou Sove Ayiti (PSA) gen pou prensipal objektif fasilite epi ankouraje tout sitwayen
ak sitwayèn peyia patisipe nan desizyon ki konsène enterè nasyonal la.
Li swete fè sa atravè preparasyon yon seri dokiman sou divès sijè ki enterese opinyon piblik la ki
pral sèvi pou oryante gouvènman tranzisyon an sou bezwen reyèl e ijan popilasyon an epi anpeche
yo detounen yon lòt fwa ankò pouvwa politik la pou regle enterè pesonèl yo.
Oganizasyon ak fonksyònman PSA a
Palman popilè pou Sove Ayiti a vle rasanble tout Ayisye (è)n kèlkeswa laj li, sèks li, relijyon l, estati
sosyal e pwofesyonèl li e kelkeswa kote l ap viv suivan 2 apwòch :
– Apwòch demokrasi dirèk ki pral bay chak grenn Ayisye(è)n mwayen pou yo kòmante epi
vote pwopozisyon biwo ekzekitif PSA a pral gen pou fè. Chak moun ki kòmante e/oubyen
vote pwopozisyon biwo ekzekitif PSA a vin otomatikman manm Palman an.
– Apwòch demokrasi endirèk la li menm prevwa rasanble 1073 reprezantan (102 reprezantan
nan chak depatman gewografik peyi a ak 52 reprezantan diaspora a) ki pral sèvi tankou yon
Asanble Nasyonal Popilè nan lide pou founi je gade ajisman gouvènman tranzisyon an epi
alète popilasyon an sou deriv yo. Asanble sa pral dirije gras ak yon biwo ekzekitif k ap gen
23 manm.
Biwo ekzekitif la
Biwo Ekzekitif PSA a (BEPSA) gen ladann: Yon(1) prezidan(t), 11 Visprezidan(t) ak 11 animatè.
Prezidan(t) BEPSA se moun ki enskri ak lis ki gen plis sipòtè a. L ap gen pou wòl:
– Prezide seyans asanble nasyonal popilè a.
– Kòdone aktivite PSA a sou tout teritwa nasyonal la.
Chak Depatman ap gen yon (1) Vis-prezidan(t) ak yon (1) animatè. Visprezidan an se reprezantan
ki gen plis moun nan lis sipòtè yo. L ap gen pou l prezide asanble depatmantal popilè k ap fèt nan
depatman an epi kòdone aktivite PSA a nan Depatman an.
Animatè a ap sèvi nan kab preparasyon, planifikasyon ak òganizasyon asanble sitwayen nan tout
depatman an ansanm ak sipò reprezantan depatman an nan asanble nasyonal popilè a.
Tout manm asanble nasyonal popilè a yo gen yon estati benevòl pou yon dire manda 22 mwa.
Patisipasyon
Tout moun ki vle, lib pou yo patisipe nan ekzèsis demokratik sa. Moun ki vle patisipe yo ap kapab
fè sa atravè asanble sitwayen yo ki se yon seri rankont BEPSA a pral òganize nan divès andwa nan
peyi a ak nan dyaspora a. Y ap kab fè sa tou anliy atravè divès zouti k ap disponib sou rezo sosyal
yo.
Men pou yon moun vin reprezantan nan asanble nasyonal popilè a, li dwe ranpli kondisyon sa yo :
– Li dwe ayisyen natif natal ;
– Li pa t dwe janm kondane pou yon enfraksyon kèlkonk ;
– Li dwe gen yon pyès idantite ki valid ;
– Li dwe gen yon lis ki gen pou pi piti 25 moun ki sipòte l nan demach sa.
Reprezantan sa yo dwe sòti nan òganizasyon sendikal, asosyasyon, pati politik, sektè
relijye,inivèsite, sektè kiltirèl.
Metòd travay
– Asanble sitwayen yo se yon seri rankont ki pral òganize nan divès kwen nan peyi a nan lide
pou bay chak grenn manm nan popilasyon an okazyon pou l pwononse l sou solisyon kriz
peyi a. Biwo ekzekitif la ap gen pou drese yon lis sijè ki lye ak kriz la epi animatè yo pral
fasilite debat ak kòlèk pwopozisyon yo pa mwayen asanble sitwayen yo. Rapò asanble
sitwayen yo ap sèvi pou nan preparasyon dokiman PSA a yo. Apre sa ap gen yo pwosesis vòt
k ap ouvri ak tout moun. Tout pwopozisyon ki fèt yo pral prezante pou validasyon oubyen
rejè atravè divès mwayen. Votan yo ap gen pou founi idantite, komin yo rete ak nimewo
telefòn/imèl yo pou vòt la valide. Aprè pwosesis vòt la, Biwo ekzekitif la ap asire l de suivi
yo ak reprezantan Leta a e bò kote kominote entènasyonal la.
– Asanble Nasyonal Popilè a se rankont ansanm 1073 reprezantan yo. L ap gen pou reyini nan
yon chak fwa BEPSA a jije li nesesè. E y ap gen pou yo pwononse yo sou zouti prepsyon ki
pou itilize kontre deriv gouvènman tranzisyon an.
Si ou swete rejwenn mouvman sa ou kab ekri nan adrès imel: psayiti2024@gmail.com ouby