Depi zak sasinay prezidan Repiblik la nan dat 6-7 jiyè 2021 an, se menmaktè politik/ekonomik sa yo k ap fè tout kalte piwèt, nan ekri akò/dezakò pou fè dappiyanp sou ti rès gouvènman PHTK a tekite pou pèp la. Epi se menm aktè sa yo ki anpil nan yo gen non yo site kòm moun k ap alimante zak kriminèl chèf gang yo sou tout teritwa nasyonal la.
N ap raple se depi nan lane 2016 eleksyon te òganize nan peyi a. Sa ki vle di se depi dat sa pèp ayisyen an te jwenn posiblite pou l chwazi an tout libète moun ki pou reprezante l e ki pou deside nan non l jan sa prevwa nan konstitisyon 1987 la.
Lè n konsidere depi 2016 okenn aktè/pati ak gwoup politik ki nan diferan akò/dezakò yo fè tout sa yo kapab pou anpeche eleksyon lib e demokratik òganize nan peyi a ;Lè n konsidere depi lanmò prezidan Jovenel Moise la pèsòn moun pa gen deside nan non pèp ayisyen an. Sa ki plonje peyi a nan yon vid enstitisyonèl san non ;
Lè n konsidere tout akò yo rele « akò politik » yo se yon seri mannèv pou menm aktè sa yo, ki pat janm vle eleksyon, mete an plas ak fòs vyolans pou kidnape Leta e detounen byen piblik yo nan enterè ti klan yo. Deriv ekip Aryèl « an fanmi e alye » fè nan tèt peyi a, sòti jiyè 2021 pou rive jodia,se prèv ki montre tout akò/dezakò ki pa sòti nan yon laj patisipasyon sitwayen se ranfòse estrateji menm ti gwoup aktè politik/ekonomik ki la yo pou kontinye pase anba pye enstitisyon repiblikèn peyi a, detounen byen piblik yo, anrichi nan koripsyon ak zak ilegal epi plonje popilasyon an pi plis nan bafon lamizè.
Lè n konsidere akò politik sa yo pa gen okenn baz transparans paske pa gen okenn nan yo ki te soumèt ak yon sanksyon popilè epi pa reflete okenn bezwen popilasyon an.
Lè n konsidere depi 29 fevriye 2024, peyi a ap fè fas ak yon seri atanta teworis ki menase ekzistans nou kòm nasyon.
Lè n konsidere gwoup aktè politik/ekonomik ki la yo anplis lejitimite ak kredibilite yo pa genyen, yo pa manisfeste okenn volonte reyèl pou reponn ak ijans moman an. Sa ki lakoz peyi a gen plispase yon mwa san dirijan.Nan kontèks sa Palman Popilè pou Sove Ayiti (PSA), se yon inisyativ yon gwoup òganizasyon sosyete sivil la, kèk pati politik ki pa siyatè okenn akò/dezakò ak kèk sitwayen angaje, lanse pou
ankouraje epi fasilite patisipasyon chak grenn manm nan popilasyon an kèlkeswa laj li, sèks li,relijyon l, estati sosyal e pwofesyonèl li nan lavi politik peyi a sitou nan sa ki gen pou wè ak gouvenans tranzisyon an.