Palman popilè pou sove Ayiti

Pou yon veritab apwòch demokratik e popilè

 

Asanble Nasyonal

Opinyon pa w Konte

Baz legal PSA 
Daprè konstitisyon 1987 la, nan atik 31 se yon dwa tout ayisyen genyen pou regwoupe yo ansanm sou fòm mouvman oubyen asosyasyon pou òganize patisipasyon yo nan lavi politik, ekonomik, sosyal e kiltirèl peyi a. Atik 52.1 fè konnen patisipasyon sila se yon devwa sivik ki defini tankou yon obligasyon moral tout sitwayen genyen anvè peyi a.

Oganizasyon ak fonksyònman PSA 
Mouvman « Patisipe pou Sove Ayiti (PSA » a vle rasanble tout Ayisye (è)n kèlkeswa laj li, sèks li, relijyon l, estati sosyal e pwofesyonèl li e kelkeswa kote l ap viv suivan 2 apwòch :
Apwòch demokrasi dirèk ki pral bay chak grenn Ayisye(è)n mwayen pou yo kòmante epi vote pwopozisyon ki diskite an sou foròm piblik yo.
Apwòch demokrasi endirèk la li menm prevwa rasanble 1073 reprezantan (102 reprezantan nan chak depatman gewografik peyi a ak 52 reprezantan diaspora a) ki pral sèvi tankou yon
Asanble Nasyonal Popilè nan lide pou founi je gade ajisman gouvènman tranzisyon an epi alète popilasyon an sou deriv yo. Asanble sa pral dirije gras ak yon biwo ekzekitif k ap gen 23 manm.

Wilson Gustave COLIN

Prezidan

Guy Michel CLÉRIÉ

Vis-Prezidan Lwès

Fanel CHARMANT(Tas Kafe)

Vis-Prezidan Sid

 

Biwo ekzekitif la
Biwo Ekzekitif PSA a (BEPSA) gen ladann: Yon(1) prezidan(t), 11 Visprezidan(t) ak 11 animatè. Prezidan(t) BEPSA se moun ki enskri ak lis ki gen plis sipòtè a. L ap gen pou wòl:
– Prezide seyans asanble nasyonal popilè a.
– Kòdone aktivite PSA a sou tout teritwa nasyonal la ak nan dyaspora a.
Chak Depatman ap gen yon (1) Vis-prezidan(t) ak yon (1) animatè. Visprezidan an se reprezantan ki gen plis moun nan lis sipòtè yo. L ap gen pou l prezide asanble depatmantal popilè k ap fèt nan depatman an epi kòdone aktivite PSA a nan Depatman an.
Animatè a ap sèvi nan kab preparasyon, planifikasyon ak òganizasyon foròm piblik nan tout depatman an ansanm ak sipò reprezantan depatman an nan asanble nasyonal popilè a. Tout manm asanble nasyonal popilè a yo gen yon estati benevòl pou yon dire manda 22 mwa.