Palman popilè pou sove Ayiti

Pou yon veritab apwòch demokratik e popilè

 

Asanble Nasyonal

Opinyon pa w Konte

Patisipasyon

Tout moun ki vle, lib pou yo patisipe nan ekzèsis demokratik sa. Moun ki vle patisipe yo ap kapab
fè sa atravè foròm piblik yo ki se yon seri rankont sou medya sosyal yo.
Men yon moun ki vle vin reprezantan nan asanble nasyonal popilè a, li kab deziye tèt li si li ranpli
kondisyon sa yo :
– Li pa t dwe janm kondane pou yon enfraksyon kèlkonk ;
– Li dwe gen yon pyès idantite ki valid ;
– Li dwe gen yon lis ki gen pou pi piti 25 moun ki sipòte l nan demach sa.
Reprezantan sa yo dwe sòti nan òganizasyon sendikal, asosyasyon, pati politik, sektè
relijye,inivèsite, sektè kiltirèl.

Metòd travay

 – Foròm piblik yo se yon seri rankont vityèl ki pral òganize nan lide pou bay chak grenn ayisyen/ayisyèn ki swete sa okazyon pou l pwononse l sou solisyon kriz peyi a. Biwo ekzekitif la ap gen pou drese yon lis sijè ki lye ak kriz la epi animatè yo pral fasilite deba ak kòlèk pwopozisyon yo pa mwayen foròm piblik yo. Rapò foròm piblik yo ap sèvi nan preparasyon dokiman aksyon konkrè ki pou fèt pou sove Ayiti. Apre sa ap gen yo pwosesis vòt k ap ouvri ak tout moun.

Tout pwopozisyon ki fèt yo pral prezante pou validasyon oubyen rejè atravè divès mwayen. Votan yo ap gen pou founi idantite, komin yo rete ak nimewo telefòn/imèl yo pou vòt la valide. Aprè pwosesis vòt la, Biwo ekzekitif la ap asire l de suivi pou mete an aplikasyon desizyon final yo.

– Asanble Nasyonal Popilè a se rankont ansanm 1073 reprezantan yo. L ap gen pou reyini nan yon chak fwa BEPSA a jije li nesesè. E y ap gen pou yo pwononse yo sou zouti presyon ki pou itilize kont deriv otorite Ayiti yo.

Klike sou Bouton FÒMILÈ ki pi ba pou w ka pasipe.