Palman popilè pou sove Ayiti

Pou yon veritab apwòch demokratik e popilè

 

Asanble Nasyonal

Opinyon pa w Konte

KI SA PSA YE?

Mouvman « Patisipe pou Sove Ayiti (PSA) » gen pou prensipal objektif fasilite epi ankouraje tout sitwayen ak sitwayèn peyi a patisipe nan desizyon ki konsène enterè nasyonal la. Li swete fè sa atravè yon ansanm aksyon ak desizyon sou divès sijè ki enterese opinyon piblik la kipral sèvi pou oryante presyon popilè e alimante aktè sosyete sivil ayisyèn nan toupatou sou latèpou sove desten Ayiti.

Patisipasyon

Tout moun ki vle, lib pou yo patisipe nan ekzèsis demokratik sa. Moun ki vle patisipe yo ap kapabfè sa atravè foròm piblik yo ki se yon seri rankont sou medya sosyal yo.

Depi zak sasinay prezidan Repiblik la nan dat 6-7 jiyè 2021 an, se menmaktè politik/ekonomik sa yo k ap fè tout kalte piwèt, nan ekri akò/dezakò pou fè dappiyanp sou ti rès gouvènman PHTK a tekite pou pèp la. Epi se menm aktè sa yo ki anpil nan yo gen non yo site kòm moun k ap alimante zak kriminèl chèf gang yo sou tout teritwa nasyonal la.
N ap raple se depi nan lane 2016 eleksyon te òganize nan peyi a. Sa ki vle di se depi dat sa pèp ayisyen an te jwenn posiblite pou l chwazi an tout libète moun ki pou reprezante l e ki pou deside nan non l jan sa prevwa nan konstitisyon 1987 la.

+

Baz legal PSA 
Daprè konstitisyon 1987 la, nan atik 31 se yon dwa tout ayisyen genyen pou regwoupe yo ansanm sou fòm mouvman oubyen asosyasyon pou òganize patisipasyon yo nan lavi politik, ekonomik, sosyal e kiltirèl peyi a. Atik 52.1 fè konnen patisipasyon sila se yon devwa sivik ki defini tankou yon obligasyon moral tout sitwayen genyen anvè peyi a.

Objektif
Mouvman « Patisipe pou Sove Ayiti (PSA) » gen pou prensipal objektif fasilite epi ankouraje tout sitwayen ak sitwayèn peyi a patisipe nan desizyon ki konsène enterè nasyonal la.
Li swete fè sa atravè yon ansanm aksyon ak desizyon sou divès sijè ki enterese opinyon piblik la ki pral sèvi pou oryante presyon popilè e alimante aktè sosyete sivil ayisyèn nan toupatou sou latè
pou sove desten Ayiti.

+